Rezime aktyalite jounen an nan komin Pòdpè

1,394

Vil Pòdpè ansanm ak kèk seksyon kominal san konte yon latriye lokalite konnen, jounen lendi 19 septanm 2022 lan,yon sityasyon tansyon ak yon moman melankolik.

09-19-2022

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) 2e seksyon Obè, 3e seksyon Polen/Lakòn, lokalite Mòn Kayo, lokalite Gri-Gri, Nan Chalè, Mòn Opè, Kan Avyasyon, Twarivyè, san konte divès lòt zòn ta pral leve an malmakak kote kawoutchou tap brile, zam tap tire sa ki ta pral lakòz popilasyon an patka sòti pou al vakye ak okipasyon yo.

Vil Podpe


Nan Obè, endividi pèson pa rive idantifye fè plizyè tantativ pou al piye lakay Guitho Macénat, pala swit UDMO yo ta pral fè echanj kout bal ak endividi sila yo kote yon manm UDMO ta pral resevwa yon pwojektil.

Nan anba lavil, Twarivyè, gwo boukan dife ak kout bal te sèl kòk chante kote lapolis ak bandi tap troke kòn yo.

Nan lokalite Gri-Gri ak Mòn Opè, aktivite yo te paralize pandan tout jounen an. Zòn Kan Avyasyon an te anba anpil kawoutchou ki tap boule san konte kout wòch ki tap voye pasi pala.



Comments are closed.