Masiv asasinay nan Delma 32, Delma 42, Ri Akasya ak Desalin: plis pase yon 14 sitwayen pèsib krible anba bal bandi moto

198
0
Share:
TRiboLAND

06/30/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Pòtopwens leve anba chòk avèk asasinay bandi motosiklèt fè sou yon latriye sitwàyen patikilyèman ant Delma 32 ak zòn riyèl Akasya nan Pòtopwens; pami viktim yo, jounalis Radio Vision 2000, Diego Charles krible anba bal devan lakay li nan moman Marie Antoinette Duclair, militant politik e sosyològ, krible anba bal egalman nan moman li te depoze Diego lakay li.

Diego Charles, jounalis trè fouge e trè kreyatif ki metrize dosye ekonomik yo trè byen ak pwogresyon devlopman pèsonèl, dapwè Enock Arisma, yon konfrè Radio Vision 2000 ki pa sispan raple li dènye konvèsasyon ke li te genyen avèk viktim nan avan emisyon li yè madi a. “Gogo” tankou anpil moun renmen rele l, te toujou travay nan tèt kole avèk Marie Antoinette Duclair alyas “Netie”  (Matrice Libération) ki li menm tou krible anba bal dèyè volan machin li ki te devan lakay Diego Charles nan ri Akasya.

Akote sa, devan nan riyèl Akasya, jij depè James Saint Jean pa sispan konte kadav, pou rive nan blòk Delma 32, Delma 42, ri Desalin e se “KRI ak DEZOLASYON” nan plizyè katye. Bandi sangwen ame sou moto krible ak bal pandan jounen pou rive nan sware madi 29 jwen 2021 an. Yon latriye inosan pasan. Se yon jounen “basen san wouj” pou peyi a! Demon yo gaye toupatou atravè kapital la ap simen dèy sou tout moun yo jwen sou wout yo.

Ant yè madi lajounen pou rive lanwit, genyen apeprè 15 moun mouri; pami yo 3 moun kle (Guerby Geffrard, Marie Antoinette ak Diego Charles)ki te genyen gwo menas piblik sou yo.

Share:

Leave a reply