Leyogan Ensekirite : 2 jèn gason mouri asasinen anba bal yon gwoup endividi kagoule ki pa idantifyàb.

1,163

01-27-2023

Leyogan, Ayiti ___(TRiboLAND) 2 jèn gason asasinen anba bal yon gwoup endividi pèson pa rive idantifye nan komin Leyogan, espesyalman nan Kafou-Difò jounen vandredi 27 janvye 2023 a.

Makendy D’Haïti

Youn ladan yo rele Makendy D’Haïti e lòt la, yo pa jwen okenn pyès sou li ki pou idantifye li. Selon enfòmasyon ki disponib; 2 moun sa yo mouri, nan moman yon gwoup moun kagoule tap manifeste kote anpil moun nan kominote a, ta sanble di se polisye.

Nap raple, Makendy D’Haïti, se te yon ansyen kandida pou pòs majistra pou komin Leyogan nan dènye eleksyon pase yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.