Mach ajan PNH yo okazyone stand kanaval kontwovèse 2020 yo boule rapyetè

0 333

Pòtopwens___(TRiboLAND) Apwè mach pasifik ajan polis nasyonal yo ki pat sispann revandike dwa ki chita sou Atik 35.3 Konstitisyon peyi a ki rekonèt pou fòme sendika te ateri sou Channmas avèk fwaka. Rive la, sa ta pral dejenere. Sibitman mach la anvlime avèk sabotaj stand kanaval yo ki yon senbòl de wont nan fè gaspiyaj ak lajan Leta peyi a. Stand tankou: Stand La Mairie, TV Pasific ak divès lòt pase anba flanm dife.

Sepandan, Enspektè Lundi Jean Elder ki se Kòdonatè Adjwen SPNH ki tap entèvni sou yon radyo nan kapital la, denonse enfiltrasyon lòt antite ki gen enterè pou kraze ren mouvman polisye yo. Tire, sabotaj stand kanaval yo pa gen anyen pou wè ak konpòtman mouvman. Sependan pou kèk moun, se kolè pèp souvren ki kraze menm stand etidyan inivèsite yo te rache mete atè lafwa dènye.

Antouka, “Kanaval 2020 nan sitiyasyon fatra ak kòwonpi peyi a ap naje la, sa revòlte anpil moun e se pwatik sa ki esplike responsab yo pa gen kè nan men pou kondisyon enfwa imènn nasyon an. Konsa, yo estime ke gaspiyaj sa yo se yon krim alòske peyi a ap plonje nan mizè nwa”, dapwè plizyè patisipan ki te ale bay mach polisye yo jarèt.

Leave A Reply