WHCA nome PBS NewsHour, Yamiche Alcindor kòm resipyan pou prix Aldo Beckman lan sou tout ekselan repòtaj Maison Blanche yo

Arlington____(TRiboLAND) Yamiche Alcindor, ki se korespondan nan Maison Blanche pou PBS NewsHour, jwenn nominasyon kòm resipyan pou “prix d’honneur” Aldo Beckman pou ekselan repòtaj nan Maison Blanche.
An jeneral, pwi sa toujou desène pou moun ki demontre ekselan abilite jounalistik ak kalite pèsonèl Aldo Beckman yo, ki te yon ansyen direktè Chicago Tribune nan Washington e ansyen pwezidan Asosyation Korespondan Maison Blanche yo.
Yamiche Alcindor ki se pitit 2 paran ayisyen ki orijinè Sen Lwi Dinò, ap gen pou resevwa nan men WHCA (White House Correspondents’Association) “Prix d’excellence” sa 29 Dawou pwochen nan dine anyèl asosyasyon an nan Washington Hilton.
Dapwè juri ki nome Alcindor a, yo estime ke li trè entelijan e li genyen yon atitid ki trè trankil men ki kapab serye tou. Repòtaj ke li te fè sou moun ki tap chèche azil yo, te byen fèt e trè esèpsyonèl. Li metrize nouvèl lokal yo byen. E travay li sou imigrasyon avèk ras sansibleman byen reyalize.
Nan nivo karaktè li, juri a wè nan Alcindor yon “jounalis ki fè pwèv entegrite, li analize san pati pwi, li gen yon pwofon konesans nan nivo pwezidans. Nou pa ka tann pou nou wè travay li nan lòt dizènn ane kap vini la yo”.

Yamiche renmen pwan gwo responsablite pou poze sa yo ki nan wo nivo leta kesyon ke gwo piblik la pa gen chans pou poze. Konsa, plizyè fwa nan konferans Maison Blanche yo, Yamiche poze pwezidan Donald Trump kesyon ke li pa ta renmen tande. Egzanp madi ki te 2 jwen 2020 pandan yon pwen pwès, pwesidan Trump te chwazi inyore kesyon Alcindor.
Jounalis la kouvwi yon pakèt gwo evènnman nan atravè Etazini tankou kanpay ou eleksyon pwezidansyèl. Li travay pou yon pakèt gwo medya nasyonal e rekonèt ou onore an gran panpan. Yamiche Alcindor genyen yon mastè nan journalism ak film dokimantè nan Inivèsite New York e yon bachelò nan Anglè ak etid gouvènmantal e Afwo-ameriken nan Inivèsite Georgetown.






