NATCOM deside retire yon kokad sou pri minut yo sou rezo a

259

10\26\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yo kominike ke li mete deyò jodi lendi 26 oktòb 2020 an, National Telecom S.A. (NATCOM) fè konnen li retire yon prèlyèm sou pri minut yo sou rezo konpayi a.

NATCOM ki raple kliyan li yo ke konpayi a pat mete sou tarif li yo nan moman goud la tap pèdi plim fas a dola a, ak nan moman kofinnman pou kovid-19 la.

Konsa, konpayi a ap degaje’l kon mèt Jan Jak pou li toujou kenbe menm atitud sa ki repon ak nesesite popilasyon an, men tou redwi minut yo jan sa mande sitou lè goud la ap pran pwa sou dola a sou mache lokal la.

Rediksyon yon kokad sou pri minut yo lakoz gen gro kontantman ak krèy bravo ki bat pou Natcom ki ta sanble pa soti pou manje pou kò l!

Comments are closed.