DDLA: 150 nouvo polisye pral ranfòse efektif Latibonit pou konbat gang yo

974

Direksyon Jeneral polis Nasyonal fè pwojeksyon pou deplwaye 150 nouvo polisye ki soti nan 31e pwomosyon a nan lide pou konbat gang kap opere nan 6 komin Depatman Latibonit la, ki se : Gonayiv, Lestè, Sen Michel, Ti Rivyè, Gwomòn ak Lyankou.

Polisye sa yo pral deplwaye nan komisarya ki sou wout nasyonal #1 an ak kèk lot pozisyon estratejik gang yo abitye opere.

Deplwaman sa gen posiblite pou fet nan komansman ane 2023. Li rantre nan kad prevansyon kont aksidan sou wout nasyonal #1 ak #5, patikilyèman lit kont kidnapping sou plizyè twonson nan Depatman Latibonit la.

Gonayiv, 28 Desanm 2022.

 Sèvis Depatmantal kominikasyon

Latibonit

Comments are closed.