Lakounsa : Fondasyon Lise Walsonn Sanon distribye “Jwèt Papa Nwèl” ak “Anvlòp Soup” nan komin Milo

818

12-24-2022

Milo, Ayiti____ (TriboLAND) Aprè gro zòlòkòtò ou “Gran Ouvèti” “Lakay Fun World” Pak Atraksyon nan Belè, vil Kap Ayisyen, Walsonn Sanon ki se asossye nan yon parèy mega projè, antame yon gro distribisyon jwèt nan komin Milo maten ki se dimanch 25 desanm 2022 a.

Pitit Fi Walsonn Sanon ap distribye jwet nan Milo.

Distribisyon sa ki fèt sou lobedyans “Lakounsa” (Lakou sa), ki se Fondasyon Lise Walsonn Sanon nan okazyon fèt Nwèl la. Anpil jwèt ak anvlop distribye pou fasilite ti moun yo souri ak Papa Nwèl ki ta sanble depi kèk ane pase lwen ti inosan ayisyen.

Distribisyon an te mete an valè egalman sitiyasyon soup Premye Janvye Ayisyen ki te nan pasaj. Pou plizyè nan patisipan yo, yo pat wè espwà ditou. Konsa, plizyè fanmiy resevwa “anvlòp tchotcho”, ki garanti “Soup Joumou” ki pa negosyàb lakay chak pitit tè Dayiti.

Yon gro kout chapo pou yon parèy “efò sitwayen”, ki pa soti pou dekouraje nan ede lakay pran jarèt.

Comments are closed.