Majistra vwayou ki panse l’ap dirije vil Pòdpè a, fè yon lòt tantativ pou klewonnen yon lòt pwojè bidon

524
0
Share:
TRiboLAND

Aprè ke KPT a ak tout militan politik pati Pitit Desalinn nan fè rekondwi ansyen prizonye Sant Kaseral komin Pòdpè a, Josué Alusma nan tèt meri Pòdpè a pou yon seri “deal dezonèt e eskandale”, prezime akize nan lanmò majistra adjwen Tony Vernio, kontinye ap jwe wòl amateyis ak enkonpetans nan nivo minisipal. Elas! Se yon veritab kochma ak lawont pou site Kapwà Lamò a, lè ou konnen volim nivo konpetans lan nan komin sila!

Yon lòt fwa ankò, aprè plis pase 10 lane nan yon swadizan pòs minisipalite ap grate santi, san konte, abi otoritè, ramifikasyon gang, detounman fon piblik, enkonpetans administrativ kè plen, kòripsyon e zak banditism pèpetre sou popilasyon lokal la, movèz jesyon ou likidasyon byen Leta pou rekonpans pèsonèl, Josué Alusma, ap trese lèl pou yon inyèm fwa, yon tantativ pwojè bidon ki senpleman raple yon latriye lòt ki te toujou echwe e tou senpleman motive pou fasilite kòripsyon. Kòman yon vwayou ki pase plis pase 10 lane nan tèt yon meri, ki grangrenen ak krim finansyè e enkonpetans, ki jwen benediksyon gouvènman kòwonpi Didier Fils-Aimé a ak tout KPT – Moise Jean Charles bwasè, kapab menm reve konsevwa yon plan reyabilitasyon pou pis aterisaj vil Pòdpè a.

Pòdpè se yon vil ki pran an notaj depi plis pase 10 lane, kote ke dirijan politik sangwen asèpte plase yon vwayou kap enpoze absoliman anyen, sinon ke : abi, aktivite ilisit ak byen leta, enkonpetans nan devlopman ekonomik, absans jesyon fatra e enfwastrikti, dezonètete ak malpwoprete devni senbòl yon minisipalite fantòm, anplis ramifikasyon gang, abi otoritè, san konte gaspiyaj byen piblik ou dap piyanp sou tè sitwayen yo.

Ke Josué Alusma, ak tout dirijan demachè ou raketè AAN ak tout OFNAC chèche kote ki grate yo. Ki sa ki janm soti pozitiv avèk yon enpostè tankou swadizan Josué Alusma; anplis, eske antite sa yo ki soti pou pran inisyativ ak ansyen pwizonye prizon sivil Pòdpè a, pa chèche mennen ankèt sou zak majistra a nan Nòdwès peyi a? Tout sa ki genyen Josué Alusma ladn’l, pa kapab reyisi e li plis kapab soulve endinyasyon popilasyon an, ki prefere wè pòt meri a fèmen ke prezans yon bagay ki rele Josué Alusma.

Kòman yon antite AAN ak tout OFNAC arive antre nan fè “Tonton Nwèl” ak Josué Alusma, ki arive fè anpil efò pou plonje vil Pòdpè nan tout kalite salte ak idyosi? Wi se vre, vil Pòdpè nan nesesite ayewodròm, men si yon moun gade pase ak aksyon, konpetans kokorat swadizan majistra vil sila, se dènye inisyatif pou yon moun ta reve! Pandan 10 lane, majistra a pa menm arive jwe 10 pousan wòl li antan ke swadizan premye sitwayen vil la.
Tout sa ki bon pa kapab soti bò kote yon espès tankou Josué Alusma!

Mennen ankèt e chèche konnen ki kantite zafè ou dega majistra Didier Fils-Aimé a, Josué Alusma fè nan vil Pòdpè; konsa, ou va reyalize ki sa yon parèy eleman genyen pou wè avèk modènizasyon ou devlopman ekonomik!

Enel Richard, sitwayen vil Pòdpè

Share:

Leave a reply