Aprè anons gouvènman an sou ajisteman pri pwodwi petwolye yo, majorite pwopwiyetè fè fèmen ponp esans yo nan Jeremi fèmen.

03- 31- 2026
Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Nan Jeremi kou nan kèk lòt gran vil yo nan depatman Grandans peyi a, plizyè ponp esans fèmen, aloske pwopwiyetè yo an majè pati pase enstriksyon fòmèl pou pa kontinye vann kliyantèl lan gaz.
Deja aksyon sa yo pwopwiyetè ponp yo poze a, sitou a lavèy fèt Pak lan, komanse genyen gro konsekans sou mas pèp la ki vinn nan yon sityasyon ki pi difisil pou viv chak jou antanke moun. Pri pwodwi pou moun manje ak kous taksi yo, ki te deja ensipòtab vinn pi ogmante, sa ki mete pasajè ak taksi motosiklèt yo dozado.
Fas ak sitiasyon kawotik sila, majorite sitwayen, sitwayènn yo nan Jeremi kou nan rès komin depatman Grandans lan, egzije premye minis Alix Didier Fils-Aimé pou retwakte sou desizyon pou ogmante pri pwodwi petwolye yo, nan yon moman mizè, grangou, razè pa genyen ran sosyal, pou fe w leson. Yo rapouswiv pou fè gouvènman an konnen si yo pa koute larezon yap pwan lari a defason pasifik pou defann dwa yo, kise viv byen nan peyi a.






