Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) branch Nòdwès mete yon bout nan fòmasyon ak sansibilizasyon sou pandemi KOVID-19 la

282

Ba Nòdwès___(TRiboLAND) Sòti Madi 7 jwiyè pou rive mèkredi 15 jwiyè 2020 sa a, Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST), branch Nòdwès, akonpanye plizyè kad Ministè a ak yon medsen sou demand direksyon depatmantal la, te antreprann yon kanpay fòmasyon, sansibilizasyon ak distribisyon kachnen pou pandemi KOVID-19 la nan 4 komenn Ba Nòdwès yo: Jan Rabèl, Mòlsennikola, Bonbadopolis ak Bèdeènn .

Se te yon okasyon pou direksyon depatmantal Afè Sosyal nan Nòdwès peyi a montre patisipan yo enpòtans yon nouvo dokiman ki pote non “PNPPS” ki se Politik Nasyonal Pwoteksyon ak Pwomosyon Sosyal.


Selon direktè depatmantal Afè Sosyal branch Nòdwès la, Bénédict Calixte, PNPPS se yon nouvo enstriman ou yon nouvo zouti Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) kòmanse ap enplemante. Li se yon inityativ Prezidan Jovenel Moïse apèn met soupye nan dat 5 jwen 2020 pase a ak yon arete prezidansyèl. Nouvo zouti sa a, selon #1 direksyon depatmantal Afè Sosyal branch Nòdwès la, pral bay plis fòs e plis jarèt devlopman sosyàl a sila yo ki pi vilnerab. La fokis an jeneral sou popilasyon ayisyènn nan pou pèmèt enstitisyon yo panche sou wòl yo ak misyon yo fas ak bezwen popilasyon an nan sa yo rele Sekirite Sosyal.

Li enpòtan pou n mansyone, 4 komenn patisipan Ba Nòdwès sa yo ki te gen chans benefisye semènn fòmasyon sa a ak tout eli lokal yo, pa’t kache satisfaksyon yo, kote yo tout pwomèt pou y’al fòme lòt moun ki pa’t gen chans patisipe anndan fòmasyon sila a sou pandemi KOVID-19 la.

Nan jou ki pral vini la yo, seri fòmasyon ak sansibilizasyon sa yo pral rapousuiv nan 6 lòt komenn Wo Nòdwès yo: Pòdepè, Chansòl, Basenble, Senlwi Dinò, Ansafolè ak Latòti yon mannyè pou n rive frennen maladi Koronaviris la ki pa respekte Pè e Pap, daprè direktè depatmantal Afè Sosyal branch Nòdwès la, Mesye Bénédict Calixte.

Saint Jean wiskis,
3600 1195
4204 2561

Comments are closed.