“Sipòtè ALCINOR” yo fè fòmasyon ak distribisyon kit alimantè nan Komenn Chansòl.

558

Chansòl, Pòdpè___(TRiboLAND) “SIPÒTÈ ALCINOR” se yon gwoup sitwayen kap viv nan komenn Chansòl ak divès lòt zòn ki mete tèt yo ansanm yon mannyè pou ede ak sipòte ALCINOR Jean- Louis nan tout demach ki gen rapò avèk sosyal, politik ak ekonomik nan komenn Chansòl.

Nan optik sa a, pou ede leta ayisyen jere kesyon KOVID-19 la, yo deside mete sou pye yon seyans fòmasyon ak sansibilizasyon atravè tout komenn nan yon fason pou ke mwens moun rive kontrakte pandemi sila.

Daprè deklarasyon Emmanuel Joseph, yonn nan sipòtè gwoup sila; demach la se pa sèlman sensibilize ak fòme, men tou yo deja distribyé yon kokenn chenn aktivite distribisyon kit alimantè yon fason pou alèje sò moun ki pi vilnerab yo kap viv nan vil Chansòl ak divès seksyon kominal ki antou re l yo.

Yon aktivite daprè Emmanuel Joseph ki rive jwenn sipò ALCINOR Jean- Louis, yon sitwayen depi yon bon bout tan angaje l nan ede moun ki pi fèb yo. Sipòtè a kontinye pou l di sa a se twokèt la chay la dèyè!

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND



Comments are closed.