Ensekirite alimantè : Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF) nan Jeremi distribye plizyè milye kit alimantè bay moun ki nan nesesite yo.

262
0
Share:
TRiboLAND

12- 26 – 2025

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan sousi pou konbat fenomèn ensekirite alimantè a nan Jeremi, Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF), yon òganizasyon non likratif, ki genyen pou misyon amilyore kondisyon sante moun nan Jeremi kou nan rès komin depatman Grandans lan, distribiye onz mil kit alimantè ak dis mil kit ijènn nan okazyon fèt Nwèl lan nan Jeremi.

Nap fè remake, Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF), se yonn pami oganizasyon non gouvènmantal ki te pwan nesans aprè vizit doktè Lowney nan Jeremi nan lane 1982. Egzistans yon parèy estrikti, te make kòmansman nesesite yon pwojè lopital referans pou moun nan Jeremi.

Antouka, depatman Grandans, se pami rejyon ki jwenn anpil laswenyaj ak lòt èd imanitè, espesyalman ki soti bò kote finansman pèp ameriken an. ‎

Share:

Leave a reply