Konsomatè kleren yo pa sispann plenyen pou pri alkòl la kap ogmante chak jou sou mache a lokal la.

188
0
Share:
TRiboLAND

12-24-2022 

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Moun kap konsome kleren yo pa sispann plenyen pou pri pwodwi sa ki ogmante sou mache lokal la. Selon kèk machan, pou avchte yon galon Ti Tatal wap bezwen 1500 goud, pou yon galon Senmichèl wap peye 1750 goud, pou yon galon Nazon 2500goud .

Ogmantasyon pri alkòl ak rate pwodwi yo sou mache a lakòz yon kè nazon koute 200 goud, yon boutèy ka pou 400 goud. Yon sitiyasyon ki lakòz tout lòt bwason alkowolize yo monte tèt nèg; sepandan, salè ak mendèv popilasyon an rete menm jan.

Pou anpil bwasonyè, lavi chè a koupe yo sou wout yo. Yap mande pou kisa se nan peyòd fèt fen lane a pou pri pwodwi yo ap moute balkon konsa? Yo mande gouvènman Ariel la pou pran responsabilite yo oubyen kite peyi a mache pou kont li, san dirijan.

Pierrilien Nicol Colly

Share:

Leave a reply