Senlwidinò : MENFP demare ak prosesi evalyasyon elèv CEP yo ane sa a (ENA 22).

1,909

06-09-2022

Senlwidinò, Ayiti_____ (TRiboLAND) Jedi 9 jen 2022 a, distri eskolè Senlwidinò, Ansafolè, ak Latòti demare ak premye jounen fòmasyon pou 26 sipèvizè, 26 administratè kap gen pou patisipe nan jounen evalyasyon nasyonal 22 a (ENA).

premye jounen an fòmasyon an te dewoule dabò sou wòl ak responsabilite yo avan e aprè dewoulman evalyasyon yo kapfèt pou matyè sa yo : fransè, kreyòl ak matematik, nan 26 lekòl nasyonal ak 568 aprenan ki gen pou sibi egzamen yo .

Daprè patisipan yo, yo pwal travay ak pwofesyonalis yo pou jounen 13 jwen an kapab yon siksè pou distri eskolè Senlwidinò a.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.