Kòdonatè mouvman MONASPOKAVIDEP la, Wilbert Edmond denonse ansyen otorite leta peyi a akoz mizèrere pèp ayisyen an nan okazyon fèt Nwèl la.

870

12-24-202

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdonatè mouvman nasyonal dèkandida viktim kap defann pèp ayisyen (MONASPOKAVIDEP), Wilbert Edmond nan yon entèvyou li bay TRiboLAND, nan okazyon fèt Nwèl la, jounen vandredi 23 desanm 2022 a, pa mete dlo nan bouch li ,pou denonse:  ansyen depite, senate, prezidan, premye minis, minis, sekretè deta ak direktè jeneral yo, li di ki pat fè travay yo ki lakoz pèp ayisyen paka mete men bouch jounen jodi a.

Lidè MONASPOKAVIDEP, Wilbert Edmond deklare se ansyen palmantè yo, ki te mete tèt yo ansanm pou vote pou gwo mago lajan ki lakoz yo lage popilasyon an, nan yon mizè nwa tankou lank. Li estime ke pèp ayisyen an paka manje nan okazyon fèt Nwèl la. Edmond kwè fèt Nwèl, se echanj dèkado, se fèt pataj se pandan depi plizyè ane tonton Nwèl vini pou tout lòt nasyon sou la tè, men li pa pase vizite pèp ayisyen an sof ti klik kap kraze lajan peyi a.

Toutfwa, kòdonatè MONASPOKAVIDED la, Wilbert Edmond mande ULCC ak KOUDÈKONT pou mete deyò dosye blanch lajan ansyen palmantè yo, minis yo, direktè jeneral yo e voye yo bay komisè nan tout 18 jiridiksyon ki genyen nan peyi a yon fason pou pouswiv, malfwa yo, kriminèl yo, kòwonpi yo pou tout mal yo fè sosyete a.

JOICY Arnold

Comments are closed.