KOMINIKE – Dosye kidnapin sou trajè Pòtoprens – Pòdepè a, nan zòn Ti bwa dòm

1,885

MINISTÈRE DE LA JUSTICE ET DE LA SÉCURITÉ PUBLIQUE
Parquet près le Tribunal de Première Instance (TPI) de Port-de-Paix

KOMINIKE – Dosye kidnapin sou trajè Pòtoprens – Pòdepè a, nan zòn Ti bwa dòm

Mèkredi 29 desanm 2021

Komisè Gouvènman Pòdepè a, Mèt Bellamin Volney JEAN, kontan anonse tout opinyon nasyonal ak entènasyonal la ke zafè kidnapin ki te plede ap fèt nan zòn Ti bwa dòm (Gran salin), yon lokalite ki pa lwen komin Gwomòn, ant depatman Latibonit ak Nòdwès, li rezoud.

Moun ka vwayaje san kè sote soti oubyen vini Pòdepè konnya.

Depi nan kòmansman mwa desanm nan, Lajistis ak Lapolis nan depatman Nodwès ak Latibonit pran kontwòl zòn Ti bwa dòm nan ak 3 bakòp lapolis ka p fè vayevyen san rete sou tout perimèt ke bandi yo te konn opere. Yon bakòp PNH Gonayiv ak 2 bakòp PNH Nòdwès, plis lòt estrateji sekirite ki pa ka devwale nan nòt sa.

Madi 28 desanm sa, Komisè Pòdepè a, Mèt Bellamin Volney JEAN ak yon Sibtiti Komisè Gouvènman Gonayiv, Mèt Marie Annaise FERTIL, ta l vizite enstalasyon dispozitif sekirite ki nan zòn nan. Otorite yo ankouraje ak motive polisye yo nan kad travay enpòtan sa ke ya p fè pou retire dlo nan je ak laperèz ke pasaje trajè Pòtoprens – Pòdepè yo te toujou genyen depi 7 mwa.

Plis pase 50 ka kidnapin espetakilè fèt nan zòn Ti bwa dòm sa a nan yon ti kras tan. Apil dlo koule nan je moun Pòtoprens, Latibonit ak Pòdepè. Dimanch 22 dawout la, gwo solèy cho, bandi te kidnape yon bis ki ta p fè trajè Pòtoprens – Pòdepè a, ak 32 moun ladan l. Pami yo yon fanm ansent ki te tou akouche nan moman an, men ki pèdi pitit la, tèlman bandi yo maltrete l.

Sitiyasyon sa pa t ka rete konsa.

Pakè Pòdepè nan tèt kole ak Pakè Gonayiv, Polis Nasyonal (PNH) nan Nòdwès ak Latibonit dekrete pèmanans. Mèt Bellamin Volney JEAN sèmante pou depatman Nodwès la rete yon tèritwa lib.

Dispozitif sekirite sa yo, ak sipò Leta santral, dwe rete jouk lapolis derasine rapyetè rezo gang nan zòn sa a.

_________________
©️ *Pakè Pòdepè / Kominikasyon:*
Mèt Daniel JEAN
+509 36 36 1520

*Komisè Gouvènman Pòdepè a:*
Mèt Bellamin Volney JEAN
+509 47 62 3859
+509 33 60 4049

*Komisè Gouvènman Gonayiv la:*
Mèt Serard GASIUS
+509 33 53 5806

*Direktè depatmantal PNH Nòdwès la:*
Daniel COMPÈRE
+509 33 33 9502

Comments are closed.