Gwo vag lanmè kap sakaje komin Senlwidinò detwi plizyè plaj ak kay nan popilasyon an.

1,217

  12-23-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Gwo vag lanmè kap soufle sou komin nan sakaje vil la  ,detwi plaj Enèji Beach, yon bon pati nan plaj Sabool Beach ak plizyè mezon abitab sou litoral pi bèl vil Nòdwès la.

Enèji ak Sabool Beach, se 2 pi gwo plaj ki gen nan komin Senlwidinò, problèm anviwonmantal ou ekoloji okazyone 2 espas distraksyon sa yo detwi: Enèji Beach kraze plat atè anba firè lanmè a ki an chimerik, alòske yon bò nan Sabool Beach disparèt.

Se pa sèlman plaj yo ki detwi ou andomaje; TRiboLAND fè konsta plizyè kay ki kraze ou abandone. Sitwayen komin Senlwidinò a ap viv anpil laperè, akoz chak jou ki jou, lanmè ap raproche sou yo; yon fenomèn ki riske disparèt komin kotyè a.

Nap raple, Ansafolè, ki a kèlke kilomèt vil Senlwidinò ap pran egalman gagann anba furè lanmè dlo sale a.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.