Nome Jij Maude Jean Baptiste kòm Dwayèn Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a, se yon vyolasyon la lwa daprè Me Kelly Dubreus

938


05-06-2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Avoka yo nan Bawo Pòdpè a kòmanse lonje bouch fas ak desizyon CSPJ pran pou nome Jij Maude Jean Baptiste kòm Dwayèn Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a.

Daprè Mèt Kelly Dubreus nan mikwo Emisyon Divèsite jounen maten lendi 06 me 2024 la, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a pa gen oken respè pou la lwa, Lajistis kontribye nan mete peyia nan salmanaza li ye la. Daprè la lwa, moun ki dwe Dwayen yon tribinal se moun ki pi ansyen, ki gen kapasite ak abite nan zòn lan. Jij Maude poko gen menm 3 lane nan jiridiksyon an, anplis li chaje dechè ak li pa vrèman konn jiridiksyon an.

Mèt Kelly kontinye pou di, la lwa pa konn retwoaji. Si yo ranplase Jij Desravines kap fè travay li byen, se nan Kou Dapèl yo sipoze voye li. Men ranplase li, epi desann li kòm Jij denstriksyon se yon dezòd. Nan Leta se pwomosyon moun pran.

Se kraze CSPJ kraze Kabinè denstriksyon lè yo pran sèl Jij manda li poko fini pou mete-l kòm Dwayen. Sa pral gen enpak sou moun ki nan prizon, epi ki gen dosye nan kabinè denstriksyon.

Mèt Kelly fini pou di, Avoka yo nan Bawo a gen pou chita an asanble pou fè CSPJ konnen pozisyon yo parapò ak yon parèy desizyon. ‎

Comments are closed.