Pòdpè : Plizyè manman resevwa kado nan Radio Marconi

331
0
Share:
TRiboLAND


05 – 27 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon anbyans kè kontan sou Radio Marconi FM aprè midi dimanch 26 me 2024 la, divès manman resevwa kado nan men PDG Radio a, Me Ychmuth Corneille anpil moun konnen sou non “Rambo”.

Tradisyonèlman, dènye dimanch mwa me, se jou espesyal tout moun onore manman yo, ki se veritab poto mitan nan fanmiy. Divès manman ki resevwa kado avèk sipò Notre Dame Depo, CDSA, Fondasyon Joel Lorquet, TRiboLAND elatriye, pat sispann kache satisfaksyon yo nan mikwo Radio Marconi pou gwo jès ou jenerozite direksyon medya a nan gran jou sa.

Manman ayisyèn yo gen anpil merit ak kouraj, anpil timoun ki reyisi anpil fwa se nan yon kay kote se ak yon manman ki aksepte fè tout kalite travay ak sakrifis pou pran swen li, panse ak yo se panse ak lavi paske yo se Manman lavi.

Bay piti pa vle di chich, se jès lanmou ak atansyon an ki konte. Plis pase yon santèn manman te resevwa kit alimantè ou kòbèy ak yon anvlòp tchotcho. Radio Marconi, TRiboLAND, Notre Dame depo ak tout lòt patnè yo ap kontinye panse ak travay pou ankadre tout sa ki bon nan kominote a. Bòn fèt Manman!

Share:

Leave a reply