ONM : Repiblik Dominikèn rapatriye plis pase 100,000 migran ayisyen nan yon espas 3 mwa

1,120

12-17-2022

Nan yon bilan ke li prezante jounen vandredi 16 desanm 2022 a, direktè alatèt la Ofis Nasyonal Migrasyon an (ONM), Jean Négot Bonheur Delva konfime ke genyen plis pase 100,000 migran ayisyen ke Repiblik Dominkèn depòte nan peyi Dayiti nan yon espas 3 dènye mwa pou ane 2022 a.

Delva ki tap pran lapawòl nan moman selebrasyon joune entènasyonal migran yo ki te chita sou tèm “Bati yon mond pi solidè ak migran yo”, mande pi bon tretman pou migran ayisyen yo nan moman depòtasyon yo; li ankouraje antite konsène yo, pou fè yon sèl tèt kole yon mannyè pou mete peyi a sou ray progrè manch long, konsa sitwayen ayisyen yo pap manifeste oken rèv pou pati kite lakay yo.

DJ Delva voye yon gro kout chapo pou sila yo kap batay pou koz migran ayisyen yo. Se konsa, li ale pi lwen pou li di: pou ane 2021 -2022 a, genyen ant 188 mil jiska 296 mil migrean ayisyen lòt peyi retounen nan peyi Dayiti.

Comments are closed.