2l6 èm anivèsè batay “Vertières” opozisyon nan Nòdwès selèb l nan yon Seremoni Vodou Pou mande Depa Jovenel Moise nan Palè Nasyonal

0 537

Lendi 18 Novanm 2019

Pòdpè___(TRiboLAND) Nan okazyon 216 èm anivèsè batay “Vertières,” batay ki te mennen pèp Ayisyen an nan 1e Janvye 1804. Pou make dat sa-a, opozisyon an nan Nòdwes te depose yon bouke flè nan pye François Cappoix apwè divès seremoni vodou.


Apoléon Trompé depoze yon bouke flè nan pye Francois Cappoix Lamort nan okazyon 216 èm komemorasyon Batay Vètyè-a nan Vil Pòdpè


2 manm Fowòm Patriyotik Pou yon Antant Nasyonal e ki fè pati kowalisyon opozisyon an nan Nòdwès, Me Kerly Dubreus ak Apoléon Trompé kontinye mande depa Jovenel Moise nan Palè Nasyonal. Kidonk, yo estime li pap jere anyen e ki lage peyi Papa Desalin nan tenten tankou aktivite gang ak zàm kap simaye dèy nan mitan popilasyon ayisyènn nan.


Me Kerly Dubréus ansanm ak Apoléon Trompé ki tap esplike nan mikwo TRiboLANB sinificasyon seremoni vè trase sa pou pèp ayisyen an, sèmnate 70 fwa 7 fwa fok Prezidan Jovenel Moise mete-l aladispozisyon la jistis pou krim li komèt anndan peyi saa tankou: masak Lasalinn, Bèlè san konte yon seri mèsenè li te fè rantre sou Tè Papa Desalinn nan pou vinn fè ladènye sou yon pèp 2 bra balanse kap naje nan povwete absolu e ki pa gen lót sekou sinon ke Papa Bondye ki nan syèl la.


Saint jean wiskis / TRiboLAND

Leave A Reply