Kowonaviris: Lise nan Peken avèk Changay relouvwi pòt yo anba gwo tonton siveyans sanitè

0 296

Peken____(TRiboLAND) Se maten an jodi 27 Avwil la ke etidyan lise yo resi repwan wout lekòl nan 2 pi gran vil Lachenn, Peken ak avèk Changay apwè konbyen mwa anba kriz kovid-19 la.

Etidyan sa yo ki te divès milye te oblije anba gwo verifikasyon sanitè menm avan ke yo antre anndan lekòl yo. Verifikasyon QR kod, distansyasyon sosyàl, priz tanperati san konte gwo lòt tonton dispozitif sanitè pou fasilite elèv lise ak kolèj antre nan etablisman ki te fèmen depi fen mwa Janvye 2020.

Se pa tout klas yo ki repwan kou yo. Pa ekzanp nan vil Peken, yo oblije bay pwiyorite bay elèv tèminal yo kap pwepare “gaokao”, ki se yon ekivalan bakaloreya nan peyi Lachenn. Tès sa ke anpil ekspè konsidere pami egzamen ki pi difisil nan lemon te oblije repòte pou mwa Jiyè yon fason pou bay etidyan yo plis tan.

Leave A Reply