Govènman Panama ofri vòl imanitè pou imigran ayisyen ki vle tounen lakay

376

Panama City___(TRiboLAND) Otorite panama yo ap fè bras yon mannyè pou fasilite migran ayisyen ki nan kan detansyon Darien sou zòn fontalyè panama-Kolonbi, retounen lakay yo dapwè sa minis sekirite piblik panameyen, Juan Pino deklare jodi lendi 3 out 2020 an.

Selon Mesye Pino, gouvènman panameyen an propose yon vòl imanitè ki kapab fasilite yon bon valè migran ayisyen retounen volontèman lakay yo. Migran sa yo ki deyò swa nan Chili avèk Brezil aprè gwoudou gwoudou janvye 2010 la, trouve yo bloke ansanm ak yon ti gwoup migran afriken, kuben ak azyatik nan sid panama.

Migran sa yo ki nan difikilte pou poswiv wout yo nan direksyon Etazini fè fas ak anpil kontrent ki gen pou wè ak restriksyon pandemi kowonaviris la. Pandan weekend sa, migran yo t’ap proteste kont yon seri kondisyon lojistik nan kan provens Darien an. Yo mete dife nan tant e voye wòch sou yon seri ofisye panameyen!

Minis Pito eksprime volonte gouvènman lan pou rapatriye ayisyen yo an kòwòdinasyon ak otorite ayisyen yo ansanm ak sipò òganizasyon entènasyonal pou migrasyon. Li ajoute pou li di, “sa pral depann de volonte migran yo, paske yo pa kapab fòse yo pran yon avyon”.

Comments are closed.