Repiblik Dominikènn ap fè fas ak pwemye ka kowonaviris la

0 372

Sen Domeng__(TRiboLAND) Minis Sante Repiblik Dominikènn nan, Raphael Sánchez Cárdenas nan yon konferans depwès konfime maten an pwemye Mas 2020 an pwemye ka Koronavirus sou tèritwa panyòl la.

Malad la ki se yon Italyen 62 lane, kap pran swenyaj nan yon lopital militè ki rele Ramón de Lara ki nan zònn San Isidro, te antre nan peyi a 22 Fevwiye 2020 an san okenn pwoblèm sante; e li pat gen oken sentòm viris la, dapwè responsab sante peyi panyòl la.

Ajoute a sa, yo mete an karantènn tou yon lòt sitwayen fransè ki ta sanble manifeste menm sentòm yo. Minis Sante a mande popilasyon an pou rete tèt fwèt, pandan ke lap raple ke plis pase 80% ka kowonaviris yo demontre ti sentòm lejè e yo agrave apwè selon kondisyon malad la.

Leave A Reply