Direktè Jeneral OFATMA inogire “Inite Medikal OFATMA a nan SONAPI.

858

Dr Carl François inogire jounen vandredi 16 desanm 2022 a, Inite Medikal OFATMA a nan SONAPI.

12-16-2022

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan prezans Premye Minis defakto a, Ariel Henry ak divès lòt gwo zotobre nan gouvènman an PHTK a, direktè jeneral OFATMA a, Dr Carl François, inogire “Inite Medikal OFATMA” nan lokal SONAPI, jounen vandredi 16 desanm 2022 a.

Nan sikonstans lan, Dr Carl François, anonse yon latriye mezi administrativ kap gen pou pran nan lide pou chanje vizaj enstitisyon l’ap mennen an.

Premye Minis defakto a, Ariel Henry bò kote pa’l, salye jefò gouvènman li ye, pandan li fè konnen gouvènman lap mennen an ap jwe kou mèt Jan Jak, pou bay sitwayen ak sitwayèn yo asistans nesesè nan zafè sekirite sosyal nan tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

Comments are closed.