Travo piblik demare ak aktivite demolisyon kay nan kad projè enfrastrikti wout Pòdpè – Senlwidinò – Ansafolè a.

962

   12-14-2022

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND)  Responsab travo piblik yo nan depatman Nòdwès la tanmen jounen madi 13 desanm 2022 a, travay demolisyon kay Leta Ayisyen te dedomaje rezidan yo nan kad demaraj konstrisyon pon sou Ti Rivyè a nan komin Senlwidinò.

Yon evènman ki fè tout moun sezi paske yo te panse se te yon projè ki te bwè lwil. Sepandan, pou pwopriyetè kay ki kraze yo, se yon ditò Leta peyi a fè yo paske yo pat gen kontra pou kay yo demoli rapyetè; yo te panse se pati kite make yo ki tap kraze.

Selon enfòmasyon TRiboLAND arive jwen, ta sanble genyen kay yon sitwayen ki rele Léon Charles ki pat figire nan kontra a; konsa, genyen anpil posiblite pou andikap sa ralanti avansman travay travo piblik yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.