Arestasyon Anel-la montre yon fwa ankò nan ki nivo dwa moun ye an Ayiti

194
0
Share:
TRiboLAND

PÒTOPWENS__(TriboLAND) Se Jodi 23 Jwiyè 2019 la, vè 10:00 nan maten, apwè kout sènaj gwo chèf gang Anel Joseph yè apwemidi nan lopital Bònn Fen nan Okay, Leta ayisyen ta sanble te gen difikilte pou menm arive leve danlè pwizonye-a ki te deja anba vye trètman entenab. Konsa, otorite nan gouvènman an te oblije solisite bourad elikòptè Nasyon Tèt Kole yo, yon fason pou te antre nan kapital la ak chèf gang notwa-a.

Antouka, me ki kalite sèvis yo soti pou ban nou kòm peyi. Pou anpil ki pa konnen ki sa ki rele bay yon peyi asistans ka wè se pi gwo bagay! Si sèvis Nasyon Tèt Kole yo nan eta sa, alòske yo la pou ede nou valorize lavi ak dwa moun; eh byen, nan ki sa nou pwan la? Se grav pou nou egzamine a ki pwen nou desann kòm peyi ki te yon fwa genyen pwòp katafal elikòptè militè pa nou.

Yon elikopte Nasyon Tet Kole yo transpote Anel soti Okay pou Potopwens

Sa pap etonan, yon lòt fwa ankò yap ede nou transpòte pwòp sitwayen nou sou yon bisiklèt tankou se sa nou merite. Se vre, chèf gang lan mete peyi-a tèt anba; men sa pa jistifye ke tretman ke lap resevwa nan men moun ki swa dizan konnen dwa ak diniyte moun oblije imite ou repete menm aksyon-l yo.

Anel kòm yon gang maltrete moun, alòske moun kap pwone demokrasy yo maltrete anèl! Konsa, nan ki sa-m pwan la!

Share:

Leave a reply