Lapolis prosede ak arestasyon Réginald Beaugé anba akizasyon vyòl, ras kabwit ou kadejak sou pròp pitit fi li

1,302

12-14-2022

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan pran wout laprès pou kouri defann tèt li sou repròch ke yo fè li nan zak kadejak ak jwèt ras kabrit ke li komèt sou pròp pitit fi li, otorite polisyè yo fouke Réginald Beaugé nan moman li tap soti nan Radyo Tele Karaib maten an jodi mèkredi 14 desanm 2022 a, nan riyèl Chavann nan Pòtoprens.

Réginald Beaugé, nan moman li tap entèvni sou Radyo karaib, nan lide pou li te netwaye imaj li sou gro tonton akizasyon ras kabwit ak derespektan jwèt sisinaj ke li fè sou pròp pitit fi li, prezime koupab la tap ki te ansanm avèk madanm li, ki egalman manman pitit fi ki lonje dwàt jouda koupab la ki se papa -l.

Beaugé, pandan entèvansyon li sou radyo a, tap fè bras, kont atak ak mannèv pou eskive yon seri gro tonton akizasyon vyòl ou kadejakè ki enplike li. Prezume koupab la, voye jete tout akizasyon ki plane sou tèt li yo; li te menm arive trete pitit fi a “fatra”. Selon Beaugé, se depi laj 14 lane Régeline Beaugé (viktim) ap vagabonde ou sove ki te lakay. Beaugé konfime ke se nan briganday ti fi a te ye ki fè li te arive ansent. Li abitye fè yon mwa deyò.

Antouka, sa pat rete la, mouche Leta te sanble mete zòrèy li an tronpèt, jiskaske fòs lòd yo te profite prosede ak arestasyon Beaugé nan moman li tap loveye pou kite lokasyon Radyo Tele Karaib la, daprè sa plizyè medya lokal rapòte.

Comments are closed.