Yon kamyon gaz sezi, 4 moun jwenn kondanasyon yo se bilan travay pakè ak tribinal koreksyonèl Pòdpè

1,243

Sibtiti Komisè gouvènman Alangue Valbrun sezi yon kamyon gaz nan Sen-Lwidinò, epi nan tèt kole ak tribinal koreksyonèl nan Pòdpè kondane 4 endividi pou tèt yo tap vann gaz nan do la lwa.

08-30-2022

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan prezans divès antite tankou Ministè Piblik, pati sivil, Konsèy defans bawo Pòdpè a, yon gwo kokennchenn odyans koreksyonèl ta pral dewoule kote genyen yon desizyon jiridik ki sezi yon kamyon gaz epi kondane pou pipiti 4 moun, jounen madi 30 dawou 2022 a.

Komisè Alangue Valbrun nan sans sa a, mande pou DGI vann pou leta Peyi Dayiti kamyon sezi a, ke yo te jwenn ak anviwon 6000 galon gaz.

Nan moman odyans lan, Jij Fresnel Durosier kondane endividi sila yo, pou yo pase yon lane prizon ak pou yo peye leta Peyi Dayiti yon valè San mil goud (100 000) kòm amand.

Comments are closed.