Pòdpe anviwonman : Konpayi “Dlo Notre Dame” ankouraje jesyon dechè sachè dlo plastik atravè yon pwogram konpansasyon

08/01/2026
Pòdpe, Ayiti____(Ayiti) Nan kad pou pote ranfò nan sa ki genyen pwomote propte atravè netwayaj ak resiklaj nan vil Pòdpe, pwopwiyetè konpayi “Dlo Notre Dame”, Ronald Labranche, mete fen nan yon gwo aktivite jounen vandredi apremidi 31 dawou 2026 la, nan site Kapwa Lamò a.
Gro evenman sila ki te plis akse sou pwoteksyon anviwonman an, yon inisyativ ki se yon “grande première”, pou rejyon Nòdwès peyi Dayiti. Anpil moun rete kwè se yo gro etap ki franchi nan kad patisipasyon aktiv biznis yo ou komèsan yo nan aksyon sivik ou responsablite sitwayèn fas ak fenomèn fatra ou dechè ensipòtab, ki yon ajan destriktif kap taye banda nan plizyè vil nan Nòdwès peyi Dayiti.
Yon parèy modèl ou inisyativ, kapab ankouraje sitwayen yo devlope nan kotidyen yo yon konpòtman eko-responsab fas ak espas ke yo ap viv la ki se sous lavi pou tout sa kap respire. Anplis, gen moun ki estime, ke “Dlo Notre Dame”, pa kontante li fè lajan avèk yon kliyantèl ki petèt pa konsène sou jesyon sachè plastik yo, men li kreye mechanism entelijan, ki fasilite bonjan aksyon sitwayèn nan sa ki konsène pwoteksyon anviwonman an ki soutni lavi tout kategori nan vil Pòdpe.
Antouka, selon lwa “Donnant donnant” an, Dlo Notre Dame” ap raple anpil antite, ke responsablite yo ale odela de entrodwi yon pwodwi sou yon mache kote ke demann lan gran, men li dwe pran an konsiderasyon fason ke pwodwi a ap itilize anndan popilasyon an, sitou si li prezante yon menas ekolojik pou anvironman an.
Yon lòt bò, zenyè ak renmen wè, estime se yon gro pa ki arive fèt nan okazyon sila. Se yon sòlòkòtò, ki raple e mete anpil antite devan yon fè akonpli; yo dwe jwe wòl e pran responsablite yo nan pwomote pwòpte nan depatman ki fasilite yo fè lajan ou touche chèk Leta a. Anpil moun te kontan wè prezans nouvo majistra vil Pòdepe a, Ralph Moreau ak direktè anviwonman an e enjenyè depatmantal TPTC a; yon seri prezans ki raple tout moun ke fenomèn ou jesyon, transfòmasyon fatra se youn pami yon latriye lòt priyorite nan Nòdwès peyi a, li dwe konsène tout antite, patikilyèman sa yo ki nan sèvis piblik.
Nap fini pou nou di, inisyativ la te dekoule de yon tiraj ki te byen chapante e ki te chita sou resiklaj sachè vid dlo yo; chak fwa patisipan yo retounen yon kantite sachè, yo resevwa yo ti kè nimewote ki ap fasilite yo patisipe nan gro tiraj san fòs kote. Se konsa, pou sezon sila, ganyan gro lo a, ki te arive kolekte plis dechè sachè plastik atravè depatman an, se yon dam ki pote non Sophonie Charles. Li arive genyen yon motosiklèt 110. Anpil patisipan te sòti ak kichòy tankou, pano solè, vantilatè, recho, blendè, televizyon elatriye.
Ide jenyàl e bravo Ronald Labranche pou yon parèy inisyativ ki raple tout antite wòl ak responsablite yo dwe genyen nan sa ki genyen pou wè avèk byenèt espas kote ke ap viv la. Antouka, randevou kase pou yon lòt sezon; petèt se pral tou pa lòt biznis kap itilize anbwate san responsablite ou abandone lòt kalite dechè mòtèl nan espas piblik yo nan vil Pòdpè.






