Pierre Phénol, kòdonatè pwoteksyon sivil Lèziwa, poze pwoblèm kiltivatè yo ap fas.

1,075

02-22-2023

Leziwa, Ayiti _ (TRiboLAND) Selon kodonatè pwoteksyon sivil komin Lèziwa, depatman Grandans peyi Dayiti, Mesye Pierre Phénol depi yon bout tan la a, peyizan yo pa kapab travay latè .

Peyizan yo nan Lèziwa ap fè fas ak gro defi ki soti pou devaste tout sa yo plante. Daprè Mesye Phénol, abitan yo pa konnen ki sen pou yo rele, ak yon pichon kap fini ak tout sa yo posede nan jaden yo. Yon ti bèt blanch vèminn ke yo rele timouton ou chanpiyon ki anvayijaden yo e mete ajenou tankou jaden pwa, mayi, pwa kongo elatriye.

Mesye Pierre Phénol ale pi lwen pou mande Ministè Agrikilti voye je sou agrikitè yo kap fè fas kare ak dives kalite kalamite. Nap raple, anpil plant, fwui, semans trouve yo anba gro atak timouton, kap mache detwi tout plantasyon li jwenn sou wout li. 

 

    

 

                                                      

Comments are closed.