PNH la pa sispann kriye: bandi touye yon polisyè e blese mari li nan zòn Klèsinn 2

1,141

12-12-2022

Tabar, Ayiti____(TRiboLAND) Nadège Joseph, se non yon polisyè ki te fè pati 30èm pwomosyon PNH la, ki mouri anba bal bandi ansanm avèk mari li ki egalman yon polisye ki blese yè dimanch 11 desanm 2022, nan Klèsin 2, komin Tabar.

Selon sa responsab PNH yo, polisye say o ki se madanm ak mouche te sòti jous Okap sou motosiklèt pou te antre vinn ranpli yon seri devwa administrativ nan direksyon nasyonal lapolis la ki nan Klèsin 2. Se konsa, nan moman yo tap travèse pou antre nan enstitisyon an, bandi ouvè zam sou yo; Nadège Joseph pran yon bal nan tèt e mouri san bat, alòske mari li ki se Johnny Bellume ki li menm fè pati 27èm pwomosyon PNH la, resevwa yon bal nan kwis.

Nap soulinye ke Johnny Bellume ak madanm li Nadège Joseph tap soti Kap Ayisyen pou yo te ale nan Direksyon Jeneral Polis Nasyonal la. Jhonny Bellume te antre pou renouvle badj li, alòsk madanm li te antre pou fikse zam li ki te defektye, daprè Enspektè Jean Elder Lendi ki se Alatèt Sendika Polis la, SPNH17.

Elas! Johnny trouve li ap pran swenyaj medikal nan yon lopital nan kapital la, e kadav madanm li, ki se Nadège ap glase nan yon mòg nan kapital la. Selon kritik yo, koup la viktim akoz enstitisyon PNH la ki genyen vizyon ase pou prokire polisye yo sèvis nan lòt depatman yo.

Istache Santiana

Comments are closed.