Direksyon depatmantal ministè agrikilti Grandans, demare ak yon latriye aktivite pou make komanse fèt agrikilti a nan Jeremi.

795

04 – 29 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sou tèm “Kontinye bay agrikiltè jarèt se yonn nan pi bon mwayen pou konbat grangou ak lavi chè” daprè Direksyon depatmantal ministè agrikilti Grandans ki demare ak tout yon seri aktivite.

Lendi 29 avwil 2024 sa, plizyè dizènn etidyan, elèv lekòl piblik kou prive te patisipe nan konferans deba nan lokal Carl Édouard Peters lan, nan Jeremi.

Ansanm aktivite sa yo ki kòmanse jounen lendi 29 lan, ap pwan fen jou kap premye me 2024 lan. Aktivite sa yo ap genyen pou wè avèk ekpozisyon diferan pwodwi agrikòl ak atizanal yo, ki jwenn sipò diferan patnè tenik ak finansman Direksyon depatmantal agrikilti Grandans.

Comments are closed.