“L’église de Dieu de la Pentecôte” tanmen, premye jounen evanjelizasyon yo nan vil Pòdpè.

1,175

L’église de Dieu de la Pentecôte ki chita kòl nan, Ri Dumassais Estimé, tanmen premye jounen evanjelizasyon yo nan Site Kapwa Lamò a, aprèmidi dimanch 11 desanm 2022 a.

12-11-2022

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) “L’église de Dieu de la Pentecôte” ki genyen adrès li nan Ri Dumassais Estimé, ki genyen nan tèt li Sr Micheline, deside òganize 3 Jounen evanjelizasyon espityèl ki tanmen aprèmidi dimanch 11 desanm 2022 a, nan vil Pòdpè.

Objektif mach sa a dapwè deklarasyon kretyen yo, se jis pou Bondye pwoteje Ayiti, patikilyèman depatman Nòdwès la kont yon evantyèl goudougoudou, ki kapab koze lavi divès kretyen vivan. Aktivite entèsesyon yo te manifeste ak gro opalè ki te makònen ak gro sòlòkòtò louwanj nan plizyè ri nan vil la.

Kanpay evanjelizasyon sa a, se yon veritab abyans espirityèl ki fasilite kretyen ame selès yo ki te genyen mayo blan sou yo, mande Pè Letènèl Gras Amizèrikòd ak Proteksyon divinn pou yon evantyèl katastwòf natirèl nan Nòdwès peyi a.

Kanpay evanjelizasyon sa, ap gen pou frekante plizyè ri nan vil Pòdpè e lap fèt pandan 3 dimanch konsekitif.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.