Èd imanitè pou gwoudou gwoudou : Inyon Ewopeyèn ofwi 3 milyon ewo bay Ayiti

933

08/17/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Inyon Ewopeyèn di ke li konsyan ke Ayiti trè vilnerabilite nan fè fas ak katastwòf natirèl ; se konsa, òganizasyon estime ke lienpòtan pou akòde yon èd bay Ayiti.

« Nou pare pou nou bay Ayiti yon bourad adisyonèl, apwè ke gwoudou gwoudou a vini mete apse sou klou ; nan moman pandemi kovid-19 la ak tout ensekirite déjà yon gwo malè pandye sou tèt peyi a », dapwè deklarasyon Janez Lenarčič, yon responsab ki espesyàlize nan jere kriz.

Antouka, yon parèy asistans pwàl tonbe anba men pàtnè imanitè Inyon Ewopeyèn yo, li deja disponib pou reponn ak tout egzijans yo, ki se bay yon repons pwese pwese a pwoblèm ki pi ijan yo tankou swen medikal nan lopital ki nan petren, sevis dlo, sèvis ijyèn, lojman ak pwoteksyon pou zòn ki alagoni yo.

Comments are closed.