Nòdwès Evanjelizasyon: kò dyakona legliz Rès Postérité Setyèm Jou, Smyrne fete la fwa yo ak rekonesans yo nan Kris la

258

01/23/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Pou yon twazyèm fwa, jounen samdi 23 Janvye 2021 saa, kò dyakona Legliz Rès Postérité 7e Jou a, “Smyrne”, manifeste la fwa yo ak rekonesans yo nan Jezi. Yon program byen konometre, ki dirije anba pouvwa lespri sen an te rive reyalize an prezans pastè Legliz la Rev. Dieuversaint Delivoix, plizyè ansyen ak kondiktè legliz nan tèt kole ak tout manm legliz yo, te vin pwostène devan Papa Bondye ki nan syèl la pou fè monté Lwanj pou Mèt Latè a.


Nan yon leson lekòl saba ki te dirije sou lobedyans frè Kenel Evaris, te adrese respè pou fidèl legliz yo dwe genyen anvè dirijan yo. Li kontinye pou mande kretyen yo pou kenbe la fwa nan Jezi Kri a ki se sèl Mèt ak sovè yo. Li te fini ak rezime leson an pandan li t’ap lanse yon vibran apel a kretyen yo pou mande yo kite Bondye fè wout pou yo, pandan y’ap mennen yon vi ki dwàt e entèg devan Mèt la.

Jounen saba sa a, ki se katriyèm saba ki atribye ak konesans e remèsiman kote plizyè kwayan te kanpe pou fete rekonesans yo, atravè maryaj, batèm oubyen gerizon nan kafou maladi te kanpe pou bay Bondye glwa. Nan okazyon an, yon temwanyàj vibran bò kote Sr. Oscar Imonkè te entèpele tout patisipan ki t’ap apran fason ke sèvant lant e arive rekouvwi vizyon li nan yon moman yon sesyon entesesyon ki te reyalize ak pastè legliz la.

Aprè anpil chan louwanj, remesiman, jwa pèp bondye a fè moute bay Bondye, Reveran Dieuversaint Delivoix te pran lapawòl pou pote yon mesaj nan sikonstans lan. Anvan li komanse li te pwofite bay lapawòl ak kèk manb nan direksyon enstitisyon an pou yo te pale de tout gro pwojè kò a genyen pou reyalize pou lèv Bondye a kapab avanse. Yo te tou pwofite okazyon an pou te bay objektif ki pèmèt yo reyalize yon bèl fèt konsa; ki daprè yo menm se pou remesye Papa Bondye pou yon ane eklezyastik yo pase anba zèl Papa Bondye.Yo fini pou mande kretyen yo pou yo retire chemiz paske Bondye te swe pou yo!

Anvan yo te reyalize saba saa, yo te genyen yon semenn lapriye ki te gen pou tèm “Wòl ak enpotans dyàk yo anndan Legliz.”
Mesaj la te santre nan liv “Actes des apôtres” chapit 9 vèsè 15 rive nan 16 pou kontinye, tit mesaj la te di konsa “La diacronie de sol ou de Paul”. Nan elabore sou Étienne, Philipe, e poun site sa yo selman, Reveran Dieuversaint te prezante pèp la, espesyalman kò dyakona enpotans yo genyen nan legliz e menm devan Bondye. Li pat sispann enimere gro menas ke yon moun ki nan kò sa kapab jwenn tankou: pèsekisyon, imilyasyon, desepsyon epi pwoblèm tout kalite, li fini pou li rasire yo ke Bondye pap janm lage yo, daprè Jan 14:18, yon pasaj kit er sèvi kòm pwen dapwi.

Fok nou di kò dyakona legliz Rès Posterite Setyèm Jou, Smyrne, reyalize fèt sa a nan yon kontèks difisil; sepandan, sa pa retire menm yon yota sou fèt gras ak manb legliz yo ki te kontribye masivman.

Jehrbson PETIT

Comments are closed.