Yon gwoup kretyen evanjelize nan Village de Dieu san lanmè trouble

464

03/22/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Plizyè santèn fidèl pwotestan brave danje dimanch 21 mas 2021 an, lè yo deside antre anndan Village de Dieu ale distribye literati relijyez nan fief youn nan chèf gang notwa yo ki rele “Izop”.

Moun sa yo ki te an majorite abiye an blan, te detèmine pou antre nan vilaj la ki te nan mitan yon pakèt  gro eskandal ak sènn masak polisye aprè yon operasyon rate PNH la 12 mas dènye; yon operasyon ki imilye PNH la devan detèminasyon gwoup gang yo nan kapital la.

Gwoup pwotestan sa yo, ki te anba direksyon Église de Dieu du Réveil en Haiti, te vle moutre pa genyen oken barye ki kapab kanpe antravè devan lapawòl Bondye, sitou si vilaj la pote non Bondye. Yo te derape depi Fontamara 43, pase e kandale sou gran wout la e pou ale tonbe nan Village de Dieu e delivwe lapawòl la nan yon teren pikan kwennan, fwajil e non dwà.

Konsa, kontrèman a sa moun tap atann, yon plim cheve patisipan sa yo pa rache mete atè, yon peta pa tire e oken fòs polis pat janm akonpanye yo. Yo kite ghetto a ak kontantman, lapè e ak yon satisfaksyon misyon akonpli.

Comments are closed.