Sòti nan faz gwoup pou pase nan faz 1/8 final jiska 1/4 final, anviwon 5 antrenè football deja kite tèt seleksyon yo, pandan peryòd Mondyal Kata 2022 a.

1,121

12-10-2022

Kata, Dora_____(TRiboLAND) Sòti nan faz gwoup, pou rive nan 1/8 final jiska1/4 final, plizyè antrenè swa revoke oubyen demisyone nan tèt plizyè seleksyon football. Genyen jiska prezan 5 seleksyonè demisyone ou revoke ki se: 

1-Meksik

2-Almàyn

3-Espàyn

4-Bèljik

5-Brezil

Revoke pou kòz enkonpetans, ak mank vizyon, se sa ki lakòz peyi sa yo pa atenn objektif yo, kise chanpyon nan Mondyal Kata 2022 a.

Kanta pou seleksyonè ekip brezil la, mouche Tite, malgre yo fèl anpil repwòch nan kad yon latriye chanjman prèske san rezilta nan match kite opoze Brezil fas Kworasi a, sa pat anpeche li fè konnen lap “demisyone nan tèt ekip la ak konsyans li pwòp”.

Boul ap woule, seleksyonè ap revoke, jwè ap kriye e fanatic ap fè kout san! Yon pratik ki egziste depi nan kòmansman egzistans konpetisyon Mondyal la nan peyi Irigwey, sitou lè ekip yo pa atenn objektif yo.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.