Enkonpetans, pa konesans

0 415

Depi nan lane 1971, peyi Dayiti te komanse ap degrengole rezon se pasasyon pouvwa “François Duvalier” ak pitit gason-l “Jn Claude Duvalier” ki li menm fè yon latriyé 14 lane ap fè tèt mato nan gouvènabilité. Nan lane 1986 nan mwa fevriyér gwo revolisyon pwan pyé e pèmèt Jn Claude Duvalier rache manyòk li bay peyi a blanch; li ale an egzil e apwè 1 an 1 mwa swa 29 Mas 1987 yon gwoup atoufè san vizyon pral chita kole tèt yo ansanm fè yon konstitisyon, (si-w vle ak nesans peyi a) dokiman sila telman pa ofri peyi a anyen, yon gwoup moun di pou yo retiré kèk atik ladan-l, gen lòt menm ki di se refè pou yo refè-l nèt alkole, ki donk chire sak la a fè yon lòt.

Apwè tout moman twoub sa yo peyi a pral konnen plizyè chèf leta avèk anpil kou deta, ki donk yon gwoup toujou pa vle wè yon lot gwoup ki sou pouvwa, nan faz sa a ou taka di se yon veritab galimatcha, se retiré kò-w ban-m mete pa-m. Tout sounami politik sa yo lakòz peyi a ap degrengole akoz de enkonpetans yon seri chèf leta.


Rezilta Lidè malfòme e enkonpetan

Nan moman kote nou ye la a bagay yo vin pi grav, se yon dènye moman kote nèg ak zàm ap sikile plen midi, pran mikwo radio di sa yo vle e menm bay otorite ki konsène defi. Anjandre sa yo arive menm deklare key o kapab menm mache ale nan gwo katye kote grantoryan abite e menm atake otorite. Sa se dènye gout dlo-a! Sa kap pase la a pimal ke yon gueriya.

Se vre enkonpetans pa konesans moman sa yo moutre nou ak 2 na wè nou, se yon pakèt enkonpetan kap dirije peyi dayiti soti 1971 pou rive jis jounen jodi. Se yon seri ki pa menm konpwann gouvènabilite onivo yon katyé pou nou pa di yon peyi.

Ferdieu Claude, TRIBOLAND
ferdieuclaudefils@hotmail.com

Leave A Reply