Ministè Lajistis: Revokasyon Mèt Jeanty Souvenir pou kòripsyon ou aktivite rezyèz

1,353

12-10-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè ke Rezo Nasyonal Defans Dwà Moun (RNDD) te mande Ministè jistis pou li te mennen ankèt sou Mèt Jeanty Souvenir, komisè gouvènman annaprè Pòtoprens lan, ki ta sanble genyen yon konpòtman sispèk nan zak kòripsyon nan pakè a; konsa, Minis Jistis a.i. a, Mèt Emmelie Prophète Milcé deside voye an eta disponiblite Mèt la.

Yo reproche Mèt Souvenir kòm moun kap naje ou byen piafe nan kòripsyon anndan espas jidisyè; anplis, RNDD lonje dwàt jouda sou Mèt Souvenir kòm reselè ki ta tante pran 10,000 dola vèt anba tab pou ta libere 2 prezime asasen gran chemen.

Li enpòtan pou sinyale ke komisè gouvènman te rapouswiv RNDD devan lajistis pou landjèz ak difamasyon.

Comments are closed.