Komisè Muscadin simen miskad sou 2 prezime asasen

706
4
Share:
TRiboLAND


09 – 05 – 2024

Nip, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè jiridiksyon Nip lan, Jean Ernest Muscadin voye 2 prezime asasen nan peyi san chapo, maten jedi 05 septanm 2024 la, sou wout Nasyonal nimewo 2 a, vè 3è. 2 endividi sa yo ki se, Sonson ak Jameson espesyalize yo nan bwake motosiklèt sou wout la.

Komisè Nip lan kap travay lannwit tankou lajounen pantan sou endividi sa yo, aprè divès moun te depoze plent pou zak malonèt malfwa sa yo ap komèt sou wout la. Daprè detay TRiboLAND arive jwen, eskanmòtè sila yo tap tante reziste, malerezman pou yo, CG Nip lan mete dòmi nan je yo.

Komisè Muscadin kontinye ap kreye yon konfyans nan mitan popilasyon Nip la, ki fè depatman Nip lan tounen yon veritab lanfè pou bandi ak asasen ki gen lide vin simen latwoublay nan kanton an.

Popilasyon Nip lan, pa negosye absans Komisè Muscadin, ki pèmèt divès zòn nan depatman an pa ajouté nan lis tèritwa livre yo.

Share:

4 comments

Leave a reply