Ekip TRiboLAND An Aksyon livre sètifika bay plis pase 50 jèn fi ak jèn gason nan komin Senlwidinò.

1,422

   12-07-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Ekip TRiboLAND An Aksyon livre plis pase 50 sètifika bay jèn fi ak jèn gason kite patisipe nan 2 jounen  seminè fòmasyon gratwit sou fabrikasyon pwodwi chimik.

   Pou jèn sa yo, se yon gran satisfaksyon dèske yo gen yon dokiman ki kapab jistifye konpetans “savoir faire” nan sa ki genyen pou wè ak fòmasyon profesyonèl yo nan fabrikasyon yon kolònn prodwi. Konsa, yon pral mete konpetans sa yo an valè e ede yo grandi ekonomikman.

   Pa gen jenès san pwofesyon! Avèk TRiboLAND jenès Senlwidinò a genyen espwa pou yo pa fè djòb sal ou kenbe zam pou politisyen krazèt peyi.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.