Fondasyon TRiboLAND : atelye fòmasyon gratis sou enstalasyon panosolèy nan awondisman Senlwidinò ak Ansafolè.

1,525

02-03-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan objektif pou ede jèn fi ak jèn gason nan peyi Dayiti gen yon metye nan tèt yo pou fè fas ak lavi difisil yap viv chak jou ki jou, fondasyon TRiboLAND ak ekip reprezantan l yo nan Senlwidinò ap òganize yon seyans fòmasyon gratis sou sistèm solè fotovòltayik, dimanch 5 fevriye 2023 nan komin Senlwidinò.

Jèn fi ak jèn gason tout plimay nan awondisman Senlwidinò ak Ansafolè pral sezi opòtunite pou patisipe nan gran seminè gratis sila sou enstalasyon panosolèy TRiboLAND lan ki pral layite nan Lekòl Nasyonal Chemen Degranj la, vè 8h AM pou 4h PM.

Anviwon 70 a 80 jèn fi ak jèn gason deja enskri pou patisipe nan seminè sa ki pral bay jèn yo bonjan bourad grese sere ki pral fasilite yo genyen kichòy nan men yo pou fè fas ak kriz ekonmik peyi a.

Se avèk anpil kontantman paran yo ap resevwa aktivite fondasyon TRiboLAND yo nan komin Senlwidinò. Se yon seri aktivite ke yap reyalize nan peyi a; se moun sa yo Ayiti bezwen poul soti nan maras li trouve l la. Deja yon gwo mèsi pou PDG Loulou ak tout ekip TRiboLAND nan.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.