Komin Senlwidinò : Nan mache Rivyèba sit fatra ak restoran manje kwit fè yon sèl.

330
0
Share:
TRiboLAND


08 – 10 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan mache Rivyèba ou paka distenge restoran kote yo prepare manje kwit ak sit fatra . Plizyè ti machann TRiboLAND te rankontre jounen samdi 10 out la, ta fè konprann yo pa santi yo konfòtab nan kondisyon yap prepare manje pou mete nan vant moun nan komin nan paske gen move odè kap degaje nan espas yap fonksyone a. .

Machann yo mande responsab sanitè nan komin nan ki se pastè Jorel Prince ak ajan BSAP yo pou ede yo prepare espas la. Anplis, ede yo kontwole tout moun kap jete fatra nan espas la. Machann sila yo mande lameri kote bongalo IDA te konstwi pou machann kap prepare manje kwit sou mache Rivyèba yo .

Machann yo ki pat kache dlo nan bouch yo, fè konnen se moun kap vann depo diri ak lòt pwodwi alimantè lameri lwe kay IDA te konstwi pou restoran manje kwit yo pandansetan sa, ti machann manje kwit yo ap trennen nan fatra .

Leve machann manje kwit yo atè a, se garanti sante tout moun kap konsome manje kwit nan mache Rivyèba!

Share:

Leave a reply