Yon band beton konstwi nan mòn Kouyout pou amelyore kondisyon moun yo, sitou nan moman lapli

258
3
Share:
TRiboLAND

12-06-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TriboLAND) 88 ML beton ak 100 ML mi de soutnans konstwi nan wout ki mennen nan mòn nan Kouyout, Pòdpè sou demand òganizasyon kominotè de Baz “Association pour le développement de Couyoute” (ADC), ki jwenn finansman fon asistans ekonomik ak sosyal (FAES), e ki egzekite anba lobedyans Care-CECI.

Mòn Nan Kouyout, te reprezante yon gwo male pandye pou moun nan lokalite tankou: Dè Lopital ak zòn ki tou prè yo nan moman sezon lapli. Travay sa reyalize sou yon dire de 40 jou.

Daprè Pierre Raoul, Kòdonatè ACD ak plizyè moun nan zòn nan, divès moun viktim deja pou jan wout la ak mòn nan te ye; sitou nan moman lapli. Se yon wout anpil moun itilize pou al nan Lopital Imakile Konsepsyon, biwo depatmantal Ministè Edikasyon Nòdwès, elatriye. Travay sa ki fèt la, se yon viktwa pou moun ki te konn viktim yo, daprè plizyè entèvenan ki tap depoze nan mikro TRiboLAND.

Moun nan Kouyout pwofite voye yon sinyal bay otorite lokal tankou nasyonal yo ki bliye zòn nan, plizyè travay ki te kòmanse sou ansyen Prezidan Jovenel Moïse pa fini, yo pa janm wè prezans Lamèri ak TPTC. Genyen yon kanal ki fèt nan Aman ki al debouche nan Demelis ki pa janm netwaye, sa koz lè gen lapli, popilasyon an ap moute syèl dèyè do.

Share:

3 comments

Leave a Reply to Gayelle Cancel reply