Sezisman pran gwoup bandi kite kraze meri Senlwidinò a, yo kòmanse pote tounen rad gadyen an

1,407

21/09/2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè bandi, zèfèyis dwèt long yo te fin kraze meri Senlwidinò a samdi 17 septanm pase a. Gason lakou a pa janm sispann jwenn nan rad li yo ke ganstè yo te pote ale. Eskanmot tè yo vin voye rad yo nan lakou meri a. Yon siyn ki montre aklè moun ki dechèpiye meri a pa soti lwen . Se konplisite politik mesken ki lakòz meri a sibi tout dega sa yo daprè gadyen ki gen yo tinon Tikochon.

Gwoup gang sa kap opere ak zam nan men, figi kagoule ki pran pòz se manifestan yo ye, pa kite gen anyen nan meri a yo pa sakaje. Materyèl sansib ke yo pa ka pote, yo kraze yo.

Pou anpil moun yo pa kalifye mouvman sa kòm manifestasyon, men yon gwoup bandi ki fè yon dechokaj sou yon patrimwan leta. Depi ensidan sa pase nan meri a, anplwaye yo an difikilte pou pou pran travay paske popilasyon an te pran materyèl travay yo e te yo kraze machin elatriye.

Meri Senlwidinò ap bezwen anpil tan pou repare dega ki anrejistre pandan pasaj bandi sangwen yo. Deja anplwaye meri a gen 30 a 40 mwa leta pa janm peye yo. Tout sa se te yon andikap majè pou retabli yon bon konfyans nan mitan pèsonèl yo ak kantonye yo. Nan sans sa fòk leta pran responsabilite l pou fè respekte kolektivite ak bon mach enstitisyon yo kote ki gen yon leta serye.

Comments are closed.