Yon Gwoup gang nan Titanyen boule yon jèn gason 21 lane tou vif.

1,264

Jheffté AC, se non yon jèn sitwayen 21 lane, papa yon ti bebe 3 mwa nan Titanyen, bandi sangwen boule vif sou pretèks li ta ka fè tèt li pase kòm antèn lapolis.

12/02/22

Titanyen, Ayiti_(TRiboLAND) Si lavi se yon valè inivèsèl, ebyen nan peyi Dayiti se yonn nan bagay ki plis banalize. Gang PHTK yo pran lavi mount ankou foumi. Yo retire lavi nan 2 ou 3 segonn nan konplisite politichyen ak pouvwa gang anplas la ki ta sanble li pa ayisyen.

Ayiti yon Eta demokratik, yon Eta de Dwa vin devni, nan yon ti bout tan,yon Eta kote yon chyen ta sanble genyen plis enpòtan ke yon sitwayen, akòz kondisyon sosyal ak ekonomik abitan yo ki vin degrade.

Yon lòt fwa ankò bandi Titanyen yo, ki genyen nan tèt yo yon sangwen ki rele Boggy IZO, montre ke yo pap chome lè yo deside kankannen Jheffté AC anba je rès monn lan ak kawoutchou, makònen’l ak kòd, simaye gazolin, sou pretèks lap bay lapolis enfòmasyon sou baz yo a. Ayiti peyi Papa Desalin nan, nan dènyè moman yo kondisyon sosyal ak ekonomik yo retire lavi moun nan mwens ke yon minit.

Fòk nou sinyale, koulè krim sa yo oblije kesyone avèk ki konplezans ak kouraj pou yon polisye arive mete men sou yon bandi epi ap prezante kriminèl la tout vivan bay piblik la; amwens ke genyen pas pou ki ak reselè pou kite li anvi.

Bandi yo tèlman konfòtab nan retire vi moun; li enpòtan pou lapolis sipann prezante bandi gang vivan bay piblik la.

Comments are closed.