Trafik komès zam nan Pòdpè okazyone tonbe yon lòt fwa ankò nouvo komisè gouvènman a.i Pòdpè a

3,131

07-09-2022

Profesè inivèsitè, Avoka e komisè gouvènman a.i., Michelet Virgile yon lòt fwa ankò pa montre ke li aprann de pase li. Pou yon lòt fwa ankò otorite lajistis yo voye li nan eta disponiblite pou move pèfòmans li ki chaje avèk nyaj nan plizyè dosye kòripsyon depi nominasyon li 11 fevriye 2022 a nan Pòdpè.

Yon parèy desizyon koresponn ak dènye masiv kagezon minisyon – zam ke responsab ladwann yo nan vil Pòdpè te dekouvri avèk konplisite yon bato ki pote non Miss Lily.

Mèt Virgile, ki te deja genyen yon defisyans kredibilite popilè nan site Kapwà Lamò pou yon seri iregilarite. Yo reproche l tou, deske li te deside libere yon gro bandi notwà ki te asasinen yon enspektè polis nan komin Basen Ble. Konsa, 2 ou 3 jou liberasyon li, bandi a pat pran tan pou retounen nan zak kidnapping sou wout Gro Mònn nan nan Latibonit.

Dènye kou ki pou touye koukou a, se yon seri envèstigasyon “tan pase”, “demakaj”, “batay chif”, “dans laloz”, ak “mansonj trese lèl” ki mete andout onètete komisè a fas ak yon seri arestasyon maskarad ou krizokal nan dosye “komès minisyon ak zam” nan vil Pòdpè a. Li asèpte libere pap padap 2 moun ki te jwen arestasyon yo nan yon parèy dosye.

Aktivite zam nan Nòdwès, pa osi senp ke jan li parèt. Yon seri sous kredib fè eta de yon seri komèsan ki mèt e seyè e kap rache separe nan vil Pòdpè. Konsa, pwiske yo konsène nan trafik zam, yon fè tout sa ke yo kapab pou fè libere yon seri moun ke yo te arete nan dosye a. Se konsa, genyen yon gro bwà nan Pòtopwens ki jwen revokasyon l tou nan yon parèy dosye.

Nenpòt ki sitwàyen nan vil Pòdpè konnen ki yès antite kap itilize ankwentans politik yo pou promote banditism ak aktivite sal tout kalite nan depatman Nòdwès la. Pou elaji yon parèy mouvman, yo ame yon seri group bandi tankou: Nan Demelus, Site Maxo, Ri Kapwà e latriye. Yo menm arive fè antre nan vil Pòdpè, bandi anjandre ki soti lòt kote pou vin bay sèvis. Jèn sa yo genyen yon sèl mèt e wòl yo se entimide tout moun ki ta kanpe ankwà ou lonje dwàt sou patron yo ki responsab pou mete kòb nan pòch yo e ba yo manje chak jou ki jou.

Fwaye bandi sa yo ki epapiye nan vil la, genyen pouvwa absolu nan pran san peye bagay yon seri ti machann twotwa ki toujou pè pran wout lajistis. E si tout fwa lapolis ta arive mete men sou yo; “patron bacha” a ap fè demach pou peye pou yo e lage yo sanbri sankont nan machinn vit fime. Yo sèvi egalman “antèn” pou endistri trafik zam nan ki jwen benediksyon yon pakèt otorite lokal ak polisye nan komin nan. Zòn tankou Pòtaleki, Labe Monstik, Nan Bouchi Twà Rivyè ki nan vil Pòdpè, kèk rejyon sou zile Latòti ak zòn Chansòlm ta dwe anba rada vijilans yon polis ki onèt san kòwonpi.

Elas! Se emèjans yon lòt modèl banditism ki finanse anba lobedyans yon ti ponyen kòmèsan nan vil Pòdpè ki riske plonje popilasyon an nan masak san pitye ant diferan kroup katye. Anplis, atak katouch ak kout machèt ki te fèt sou yon anploye ONA nan Ri Kapwà resamman, genyen anpil pou wè avèk yon parèy banditism ki genyen ramifikasyon yon seri otorite lokal, jidisyè, polisye, amatè batiman ak yon ti ponyen nan media a ki mete Pòdpè sou yon gro barik poud eksplozif.

Antouka, anpil moun swete wè demanch pou takle moun kap finanse endistri zam nan nan depatman Nòdwès pa dwe yon maskarad ki vize pou kouvri tout vrè koupab yo nan nivo lokal, nasyonal ak entènasyonal. Objektif la se pa senpleman detrone moun nan yon pòs, men se pouswiv li jiskobou legalman pou restitye tout sa li te fè nan rakèt sou do ak nan sal imaj leta.

Enel Richard

Comments are closed.