Kwà Dèboukè: Fiziyàd ou kanaj plizyè sitwayen nan Maren 21

223

02/04/2021

Kwà Dèboukè_____(TRiboLAND) Jodi jedi 4 fevriye 2021 an se rèl kay makorèl nan komin Kwa Dèboukè, notamman nan Maren 21 kote ke bandi sangwen ki pa idantifyàb sou moto krible anba bal divès pò malere sitwayen pèzib sou wout yo.

Kanaj sa ki ajoute a anpil lòt krim ki fèt nan dènye 8 èdtan sa yo, akoz yon latriye moun ki blese. Otorite yo t’a sanble pako anrejistre moun ki mouri; sepandan anpil nan moun ke yo fiziye yo tap benyen nan rivyè san, selon sa ke moun t’ap konstate sou rezo sosyàl yo ki pa sispan montre yon Ayiti kap senyen chak minit.

Comments are closed.